Home 🎬 Bollywood 🎵 Pakistani 🎤 English Pop

Pran Swen Tèt Ou

👤 Opak MNG 🎼 Kontras ⏱️ 3:12
🎵 2479 characters
⏱️ 3:12 duration
🆔 ID: 14198554

📜 Lyrics

Pa lage kle byenèt ou
Nan men nenpòt moun
Si sa rive w menm si se a dlo nan je w
Fèmen pòt ou
Sa k rive mache sou ou se paske w pa t limite pa l
Gen sitiyasyon k kokobe w
Se paske w pa t mezire pwa l
Lè kè w nan men w nanm ou toutouni
Moun pi fasil touche w
Fò w pridan koz anvrè
La w ap kwaze ak plis moun fo
Koz gen moun k ap baleye w
Pandan ou t ap danse pou li
Genyen k p ap pran tan panse avè w
Pandan ou ap panse pou li
Gen moun k ap vann do w
Pandan ou ap achte fas li
Gen moun kap lage w atè
Pandan ou t ap chache plas li
Pa sezi si yn moun ba w kou
Ou menm ou pa t ap ozel ba l
Gen moun k ap taye zèb anba pye w
Pandan w ap awoze pa l
S on (fait) move moun yo
Toujou vle pase pou pi bon
Se moun ki pèdi pedal yo
K toujou vle pase pou gidon
Pa kite fot òtograf aksyon moun
Vin dikte w chwa pou w fè
Pa kite moun ou ye
A al anfouraye nan sa moun fè w

So pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn
Pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn

Kèk fwa pi move ennemi w rete reflè w
Veye abitid ou yo
Yo gen tandans tounen reflèks
Eseye fè lapè a kote sonm yo
Pi travay sou yo
Anbrase souvni yo
Ni sa ka p ede w ni sa ka p souye w
Paske kwa toujou pi di pou w pote
Lè l klouwe nan ou
Sak pi di a epa sa w viv la
Men e sa l touye nan ou
Fais de ton mieux pou w veye sou tèt ou
Sonje menm egwi k ap koud istwa w la
Ka pikew Donk fò w veye sou dwèt ou
Pran swen enèji w pa lage l aladriv
Sonje kochon p ap ka fe diferans
Ant pisin a ravin
Pran swen tan w, pa mete l dòmi nan tout revèy
Koupe pon k dwe koupe yo
Menm si sa di nan tout levèl
Ou pa wobo akspete felling yo
Bay tèt ou dwa pou w fèb
Pesòn pa konn saw andire donk
Bay tèt ou dwa pou w fyè
Bay tèt ou padon peu importe erè
Peu importe evenman
Koz se sèl moun k ap toujou la pou ou
Nenpòt lè vrèman

So pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn
Pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn

⏱️ Synced Lyrics

[00:24.09] Pa lage kle byenèt ou
[00:24.56] Nan men nenpòt moun
[00:25.64] Si sa rive w menm si se a dlo nan je w
[00:27.51] Fèmen pòt ou
[00:28.49] Sa k rive mache sou ou se paske w pa t limite pa l
[00:31.43] Gen sitiyasyon k kokobe w
[00:32.59] Se paske w pa t mezire pwa l
[00:34.16] Lè kè w nan men w nanm ou toutouni
[00:35.83] Moun pi fasil touche w
[00:37.01] Fò w pridan koz anvrè
[00:38.43] La w ap kwaze ak plis moun fo
[00:39.89] Koz gen moun k ap baleye w
[00:41.47] Pandan ou t ap danse pou li
[00:42.86] Genyen k p ap pran tan panse avè w
[00:44.24] Pandan ou ap panse pou li
[00:45.62] Gen moun k ap vann do w
[00:46.86] Pandan ou ap achte fas li
[00:48.41] Gen moun kap lage w atè
[00:50.18] Pandan ou t ap chache plas li
[00:51.57] Pa sezi si yn moun ba w kou
[00:53.19] Ou menm ou pa t ap ozel ba l
[00:54.24] Gen moun k ap taye zèb anba pye w
[00:56.29] Pandan w ap awoze pa l
[00:57.33] S on (fait) move moun yo
[00:58.75] Toujou vle pase pou pi bon
[01:00.36] Se moun ki pèdi pedal yo
[01:01.51] K toujou vle pase pou gidon
[01:03.25] Pa kite fot òtograf aksyon moun
[01:04.86] Vin dikte w chwa pou w fè
[01:06.03] Pa kite moun ou ye
[01:07.08] A al anfouraye nan sa moun fè w
[01:08.95] So pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
[01:11.99] W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
[01:14.73] Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
[01:17.45] Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn
[01:20.58] Pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
[01:23.46] W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
[01:26.44] Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
[01:29.24] Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn
[01:32.78] Kèk fwa pi move ennemi w rete reflè w
[01:34.95] Veye abitid ou yo
[01:36.36] Yo gen tandans tounen reflèks
[01:37.78] Eseye fè lapè a kote sonm yo
[01:39.62] Pi travay sou yo
[01:40.71] Anbrase souvni yo
[01:41.82] Ni sa ka p ede w ni sa ka p souye w
[01:43.75] Paske kwa toujou pi di pou w pote
[01:45.46] Lè l klouwe nan ou
[01:46.53] Sak pi di a epa sa w viv la
[01:48.12] Men e sa l touye nan ou
[01:49.33] Fais de ton mieux pou w veye sou tèt ou
[01:51.51] Sonje menm egwi k ap koud istwa w la
[01:53.17] Ka pikew Donk fò w veye sou dwèt ou
[01:55.92] Pran swen enèji w pa lage l aladriv
[01:58.14] Sonje kochon p ap ka fe diferans
[01:59.73] Ant pisin a ravin
[02:00.98] Pran swen tan w, pa mete l dòmi nan tout revèy
[02:03.96] Koupe pon k dwe koupe yo
[02:05.40] Menm si sa di nan tout levèl
[02:06.75] Ou pa wobo akspete felling yo
[02:08.69] Bay tèt ou dwa pou w fèb
[02:09.57] Pesòn pa konn saw andire donk
[02:11.29] Bay tèt ou dwa pou w fyè
[02:12.39] Bay tèt ou padon peu importe erè
[02:14.30] Peu importe evenman
[02:15.44] Koz se sèl moun k ap toujou la pou ou
[02:17.37] Nenpòt lè vrèman
[02:18.26] So pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
[02:21.27] W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
[02:24.11] Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
[02:27.04] Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn
[02:29.82] Pran swen tèt ou e voye je sou sante mantal ou
[02:33.18] W enpotan ouvè lespri w e foure sa nan kran ou
[02:35.62] Pa plane valè w pou w achte figi pesòn
[02:38.66] Pa kite lavi w tounen zepòl pou chanjman fizi pesòn
[03:11.08]

⭐ Rate These Lyrics

Average: 0.0/5 • 0 ratings